mercredi 25 juillet 2012

Encre Journal: SALAMI dominiken chaje POUPOU, mal prepare epi ka ...

Encre Journal: SALAMI dominiken chaje POUPOU, mal prepare epi ka ...: www.encrejournal.blogspot.com Enstiti pwoteksyon konsomatè, reyalize yon analiz nan bon laboratwa ki moutre ke SALAMI nan ...

SALAMI dominiken chaje POUPOU, mal prepare epi ka bay kansè tou.



www.encrejournal.blogspot.com
Enstiti pwoteksyon konsomatè, reyalize yon analiz nan bon laboratwa ki moutre ke SALAMI nan peyi a pa byen prepare ditou, Laboratwa sa bay bon prèv 97% nan analiz la moutre ke SALAMI yo gen mwens ke 16% pwoteyin règleman mande a.
Nan yon konferans pou laprès,
direktris egzekitif Enstiti pwoteksyon konsomatè, Altagracia Paulino ansanm ak teknisyen Rita González epi José del Carmen Valenzuela, yo jwenn 15% nan sa analiz la moutre a se POUPOU konplètman, Enstiti pwoteksyon konsomatè mande pou pwodwi sa disparèt sou mache dominiken an, li pa ranpli prensip la lwa konsomatè yo mande a, li reprezante yon risk pou sante moun k'ap manje l yo.
Envestigasyon an bay tou 12% levi; ki gen pou wè ak Sodyòm (Sodium), 51% plis pase sa règleman No.329-11 enspeksyon sanitè vyann Repiblik Dominikè-n epi tou ki pata dwe peze 200mg/kg, tout sa yo moutre eta risk pwodwi sa reprezante.
Enstiti pwoteksyon konsomatè fè konnen fòk gen gwo mezi ki pran, yo jwenn tou 2 lòt pwodwi andedan SALAMI an ki bay Kansè pou kantite yo mete ladan l lan.
Nan sa ki gen pou wè ak Etikèt:
83% pa genyen nimewo lo, 61% pa deklare konbyen chak grenn SALAMI peze, 20% prezante yon nimewo sanitè, e poutan, 91% deja ekspire, pa bon pou manej ankò 76% genyen nimewo rejis endistriyèl 69% ki pa genyen dat ekspirasyon.
91% etikèt yo prezante declaración ak ki engredyan SALAMI an fèt, 80% yo pa vrèman di ki vyann ki fè l (MDM), 95% an reyalite yo pa respekte prensip nitrisyon peyi a.
Nan zafè imidite (plis pase 48%) imidite ka afecte pwodwi sa, envestigasyon an te fè nan 22 boutik epi nan diferan zòn nan peyi a, Kapital la, diferan pwovens, zò-n riral, makèt, bak machann etc.
Tèst yo te fèt nan Laboratwa Control de Calidad del Instituto de Innovación y Biotecnología Industrial (IIBI) ak Laboratorio Veterinario Central (LAVECEN).
Envestigasyon sa te reyalize nan fen ane 2011 lan, nan PRO CONSUMIDOR, Kèk moun ki te sanble te denonse kalite pwodwi dominiken yo pat reponn ak règleman. Menm anbasadè Ayisyen an Doktè Fritz Cineas te pale de sa nan yon entèvyou li te bay laprès, ke kalite pwodwi dominiken ap vann Ayisyen yo pat bon.
.Envestigasyon an te pran 6 SALAMI nan chak mak epi yo te analize 258 inite.
Yonn di lòt paske se sèlman SALAMI dominiken Ayisyen manje, kidonk si yo menm ki fè l ap pran prekosyon, se pa moun k'ap achte l ki pou lage vant yo bay maladi detwi yo.
Yon mesaj enpotan!!!


Source: ''Ey Magazine de la Republique Dominicaine''
Compteur Global

Culture