mardi 31 juillet 2018

Yon ti kout je sou koze kraze palman ayisyen an

Deba sou kraze palman ayisyen an jounen jodi-a, pa dwe sèlman chita sou twòp kòb palmantè yo ap fè ak pakèt privilèj ke y'ap jwi, men se yon deba ki pran fòs nan analiz ak lojik politik.

Anpil pale anpil ap fèt sou koze kraze palman ayisyen an, chak gwoup di yon koze diferan. Gen ki di, "kraze palman an pou pèp la rale yon souf". Gen lòt ki di, "kraze chanm Sena a" pou nou mannyè ralanti nan depans ki pa vo anyen kote leta ayisyen ap fè pou nèg ak fanm sa yo. Tou lè 2 gen rezo, men youn nan yo pa janm devlope mwayen yo pou montre konsekans nenpòt nan chwa sa yo ke yo ta fè.

Sa pou'n konnen, sèke, kraze palman an antye oubyen chanm wo a ap mande pou nou chanje sistèm ak doktrin politik nou. Ayiti ak koze palman 2 tèt sa mete peyi a nan yon sistèm semiprezidansyèl osinon semipalmantè. Kidonk, prezidan paka fè sa'l vle ak sa'l pipito, paske pre ou lwen palmantè yo, ki se Depite ak Senatè yo ap kontwole li. E moun ki reprezante pèp la nan desizyon ke y'ap pran, p'zp aji pou tèt yo, men daprè sa Konstitisyon an mande ak sa mandan yo vle pou sosyete a.

Kòm Espesyalis nan "Parlementarisme", mw kwè li nesesè pou'n gen yon palman nan peyi a men se pa sa ki gen la jounen jodia : "vòlò, gaspiyè, piyajè, nèg ak fanm sòt elatriye. Yon palman se senbòl ak youn nan eleman nan demokrasi, kidonk, depi pa gen palman, se zafè bout di ki pra'l regle. E nan yon bat je, se sistèm toupizoup ak kraze grenn ki pra'l taye banda.

Kraze palman an mande yon chanjman nan manman lwa peyi a ki rekonèt san mank lavi enstitisyon sa. Se tout yon refòm ak chanjman ideyoloji san'n pa bliye chanje plas nan zafè politik pou yon lòt peyi anba yon lòt doktrin.

Kidonk, si nou voye jete chanm wo a, nou pwa'l vin genyen yon palman ki gen yon sèl branch, lè sa nou pra'l gen anpil lòt konsiderasyon:

1- Nou pra'l gen yon peyi ki pa fin chita sou demokrasi tankou mo a di'l la, sa vle di, gen kèk kichòy ki pra'l fèt san pa gen anyen ki wè ak demokrasi. (Egzekitif ka fè sa'l vle jiska 80%). Palmantè (Depite) yo dwe pi vijilan;

2- Li dwe gen plis Depite pou chak sikonskripsyon. Yo dwe konpetan, ak konn sa y'ap fè a. Olye ke manda yo a pataje, sa vle di yon pati pou pèp ki te vote yo a ak pati politik kote yo soti a, yo pra'l sèlman Depite peyi a, tankou sa fèt "Québec";

3- Depite yo, pliske se pou peyi y'ap travay, dwe debouye yo tankou mèt Jan Jak pou jwenn kontwòl egzekitif la nan nonmen pami yo yon chèf gouvènman k'ap soti nan pati politik ki gen plis reprezantan nan palman an;

4- Depite yo dwe fòme yon seri blòk solid nan lide pou defann enterè nanchon an, olye y'ap piye'l tankou sa y'ap fè jodia. Yo dwe gen anpil konpetans nan tout domèn yon mannyè pou yo pi byen konprann reyalite peyi a ;

5- Olye ke opozisyon ap fèt tèt anba nan lari, kraze brize fè moun pè, li dwe pran nesans nan palman an libelibè, sa vle di, nan respè lalwa.  Se li pouki pran kontwòl yon seri gwo Ministè, tankou : Ministè finans, Ministè zafè letranje elatriye ;

6- E prezidan Depite yo, dwe yon saj, yon moun ki konprann reyalite peyi a. Li dwe gen gwo nivo levasyon ak Dwa;

Zanmim yo, koze kraze palman an, se gwo koze wi. Se pa ti deba dèyè manman non, kote tout moun ka fouwe bouch yo jan yo vle. Se yon deba nanchon, se yon deba peyi ak tout konsekans li gen ladan'l. Li pa sèlman rezime sou koze pil lajan nèg ak fanm anba lanmè a ap fè ak depanse, men li chita tou sou prensip ak lojik ki gen awè ak politik tout bon san voye monte.

31/07/2018

Delcarme BOLIVARD, Avocat MA, et Spécialiste en Parlementarisme.

Des interrogations pour des causes citoyennes

1- Qui a porté plaintes au Tribunal après les émeutes des 6 et 7 juillet 2018 à Port-au-Prince ?

2- Contre qui ou contre quoi ces plaintes ont été dirigées?

3- Dossiers juridiques ou politiques ?

4- Le Commissaire du Gouvernement, l'est-il vraiment ? Ou exécuteur des ordres provenus du Palais national au profit d'une classe bourgeoise désaccordée sous la rébellion d'un peuple assoiffé de mieux être et de paix intérieure ?

5- Le Commissaire du Gouvernement, est-il le défenseur d'une couche sociale imposante par ses biens et ses richesses ? Ou accusateur d'une masse populaire humiliante laissée à la merci de Dieu ?

6- Les dépossédés depuis plus de deux siècles, n'ont-ils pas le droit à une Justice équitable ?

7- Pourquoi des hommes meurent la Justice se tait, tandis que des entreprises se pillent l'action publique en mouvement en un tour de main?

8- Y a-t-il une nuance entre un voleur d'oeuf et un voleur de bœuf ?

9- Que faut-il insinuer de ceux qui volent pour motif de faim et de ceux qui volent pour être plus riches au détriment d'un pays sous-développé à outrance ?

10- Qu'avons-nous fait d'un Président irrationnel et de certains candidats irréfléchis à la présidence ?

11- Que peut-on attendre d'une jeunesse dont le repère est le scandale de la corruption d'une nation coupable de ses choix électifs ?

12- Quand viendra le jour où tout homme haïtien accepte de faire ce qu'il est capable de faire ?

À ces questions, des réponses doivent être formulées. Mais la seule vraie réponse doit être axée sur l'équitabilité d'une Justice forte glanée sous les ailes de la conscience collective citoyenne.

17/07/2018

Par: Delcarme BOLIVARD, Av.MA
Compteur Global

Culture