mercredi 30 septembre 2020

Pozisyon nou sou koze Konsèy Elektoral Pwovizwa 18 septanm 2020

 tansyon!

*Pou yon zanmim, kondisip mwen ki mande'm kisa mwen panse sou koze "Konsèy Elektoral Pwovizwa" prezidan mete sou pye, nan dat kite 18 septanm 2020 an*
Remèsiman
Mèsi anpil fanmi, "ing. Paul", pou bèl inisyativ sa kew pran an. Mèsi plis toujou dèske nan yon peyi tankou Ayiti, gen moun ki konnen sa lòt vo. Mwen remèsye'w piblikman pou sa ak salye tout lòt sè'm ak frè'm yo ki sou gwoup la k'ap mennen menm batay la.

Pou reponn kesyon ou yo, chè papa, m'ap itilize yon metodoloji, kise : definisyon kèk mo, rale mennen vini sou kèk nosyon ak kòmante kèk konsèp selon sa lalwa di.
1- *Konstitisyon*
Yon konstitisyon se yon ak ki bay nasans yon nanchon (Mirlande H. Manigat). Se li menm ki pote limyè sou kouman Leta dwe fonksyone nan sa ki gen awè ak zafè administrasyon piblik yo, enstitisyon yo, elatriye.
Yon konstitisyon se yon ansanm lwa ki soti nan mitan popilasyon an (Jean-Jacques Rousseau), ekri ak tradwi atravè moun ki reprezante yo a (Depite ak Senatè). Kidonk, dokiman sa fèt pou tout moun, kew te pèp, kew te otorite; nan zafè lalwa nou tout se menm plim menm plimay.
Pa bliye, konstitisyon k'ap mennen estrateji sosyopolitik ak ekonomi peyi a, pase pa politik anviwònman, se konstitisyon ki te pran nasans ak vwa pèp la nan lane 1987 nan dat kite 29 Mas. Yo chanjel (amande) 09 Me 2011 sou prezidans "René Garcia Préval)
2- *Sou zafè eleksyon nan peyi Dayiti*
Se konstitisyon 1987 la ki bay kouman eleksyon fèt nan peyi Dayiti. Atik 192 ak s'ak vini yo nan manman lwa peyi a, di, eleksyon fèt sou kontwòl *Konsèy Elektoral Pèmanan* (KEP). Pa bliye depi 1987, pa janm gen kenn gouvènman ki panse mete kanpe Konsèy sa. Yo plis pale sou *Konsèy Elektoral Pwovizwa*, yon mannyè pou yo toujou gen kontwòl machin ak sistèm elektoral la. N'ap raple, si se konsa, tout gouvènman ki pase yo pran nasans nan do konstitisyon an. Konsa, yo tout enkonstitisyonèl, yo ta dwe remèt tout kòb yo te konn touche ilegalman nan kès Leta.
Nou pa janm gen yon enstriman legal pou eleksyon an ki estab. Chak nèg ak fanm ki monte, vini ak pwòp lwa yo ak pwòp dekrè osinon dekrè-lwa yo.
3- *Konsèy Elektoral Pwovizwa*
Nan peyi Dayiti, premye Konsèy sa te fèt pou te pèmèt eleksyon kite pote profèsè "Leslie François Manigat St-Rock) nan tèt peyi a. Atik 289 nan konstitisyon an montre kouman pou Konsèy sa te dwe fèt, pou yon sèl fwa (pa ta dwe janm gen Konsèy Elektoral Pwovizwa nan peyi a ankò, paske atik ki te bay nasans ak premye a twouve'l nan pati ki paka aplike (dispozitif tranzitwa) ankò nan konstitisyon), kidonk sèl fwa pou te ka òganize eleksyon nou sot pale'w la. Pou mete'l sou pye, tout sektè nan lavi nasyonal la dwe konsilte sou sa; bay avi yo ak voye reprezante yo ladann nan lojik pou gen eleksyon ki mache ak lojik demokratik.
4- *Konsèy Elektoral Pwovizwa 18 septanm nan*
Gen moun ki rele'l : " *Konsèy Elektoral Prezidan*", paske li pa rèspèkte kenn pwosedi pou'l te ka pran nasans, se prezidan ki fèl ak gwo ponyèt li. Gen lòt ki relel : " *Krèy Elektoral Pwovizwa*", kidonk, se kèk fanm ak kèk gason k'ap pran plezi nan lanmou yo, je nan je, chanje fanm, chanje gason (nou ekskize nou, men se konsa bagay yo ye), menm kote a, tout bagay ap fèt san kè sote. Pou nou menm se yon Kraponnay osinon *Kont Eleksyon Pèp la*. Konsèy sa pa bon paske li enkonstitisyonèl paske li fèt nan do lalwa, li antidemokratik paske kenn sektè nan lavi nasyonal la ba bay avi yo sou li, li ilejitim paske twòp moun plenyen'l.
Konsèy sa plis pa bon toujou, paske moun ki fòme'l yo pa prete sèman dizaj douvan Lakou Kasasyon, pi gwo tribinal peyi a genyen. Se nan palè nasyonal yo tal pran plezi yo, sa ka pèmèt *Lakou Siperyè Kont* pa valide bidjè fonksyònman yo. Non sèlman sa, nan dwa administratif li klè pou fonksyonè yo prete sèman douvan otorite ki konpetan yon mannyè pou yo rantre nan nannan fonksyon administratif yo ak politik jiridiksyonèl yo.
Li pi grav toujou lè egzekitif la ba yo pou misyon :
1- chanje konstitisyon an pa "Vwa Referandòm";
2- òganize eleksyon nan lane k'ap vini;
3- bay rezilta eleksyon yo prese prese. Sa montre klè pouvwa egzekitif la soti nan lojik atik 150 manman lwa peyi a ki di : " _Prezidan an paka fè lòt bagay ke sa konstitisyon an ba'l_". Nou vle pwofite sinyale, dekrè ki bay nasans ak Konsèy Elektoral Pwovizwa sa pa danse kole ak lalwa. Epi n'ap tou pwofite mande nou pou'n founi je gade nan : atik 60, 136 ak lòt ankò nan konstitisyon peyi a.
5- *Chanje konstitisyon an*
Konstitisyon 87 la se yon konstitisyon ki di (rigid), kidonk, se li ki di kouman li dwe amande. Zafè vwa referandòm pa rekonèt pa konstitisyon 87 (atik 284-3). Li di tout koze konsilte moun, pran ide moun pou chanje konstitisyon an, fini nan peyi a. Donk, premye misyon an tonbe.
6- *Òganize eleksyon nan peyi a nan lane k'ap vini*
Eleksyon parèt trè difisil nan moman sa. Sak lakòz : twòp ensekirite, enstabilite politik la vwèman egzajere, mizè a vin pi wo kote pwodiksyon nasyonal la sou po bonda. Men, sou presyon (enjerans) blan mannan, tout bagay posib nan peyi bò isit. Sèl gouvènman an ki yon ti jan nan lapè tèt cho ak aji vay ke vay.
7- *Bay rezilta eleksyon yo prese prese*
Sistèm elektoral Ayisyen an pa pèmèt rezilta yo bay nan delè. Twòp magouy, vòl, dezòd, piyay ak kraze brize. Ensekirite ak ensandi twòp nan zafè eleksyon nan peyi Dayiti, melanje ak koze kontestasyon ki toujou rete yon veritab kakan pou yon bon rezilta dat pou dat nan peyi a. Anplis, bay rezilta nan delè mande yon preparasyon ak yon kilti konn fè.
Anverite, pandan nou fin fè tout konsiderasyon sa yo, nou wè klèman ke Konsèy Elektoral Pwovizwa sa fin monte li tou tonbe paske pa gen youn nan misyon yo bay la ki fonde.
N'ap fini pou'n di, tout sa k'ap pase la yo gen pou objektif fè nou bliye tout sa ki enpòtan nan peyi a, tankou yon pakèt gwo dosye : Lanmò mèt "Monferrier Dorval" ak yon ban'n lòt ankò, zak sazinay k'ap blayi nan peyi a pasi pase, ekonomi an k'ap chite malgre dola meriken an ap desann, elatriye.
Pa bliye, fòs PHTK chita nan chanje koze, fè divèsyon pou detounen lòlòj moun.
Mèsi anpil fanmi.
Mwen se chè papa, nèg Okap.
Avoka/Dòktoran
Delkam Boliva.
30/09/2020
*Pa bliye* : tèks la ekri epi li tou pi bliye san lèkti.
Compteur Global

Culture