lundi 19 août 2019

Sou koze : Okap ka vin pa dezyèm vil Dayiti ankò

encrejournal 
Koze Okap ka vin pa dezyèm vil Dayiti ankò pa gen twòp enpòtans pou mwen, paske, chak moun granmoun, chak moun ka di sa yo vle. Men, sa pou nou konnen, nan politik, sitou nan peyi Dayiti, ou ka toujou itilize tout mwayen posib pou bat yon advèsè, fè moun bliye dosye serye, ogmante laperèz lakay moun yo, fè moun griyen dan pou fè yo bliye koze ki itil.

 *Men sa nou dwe konnen nan koze sa :*

1- Anèl ap nonmen yon pakèt *gwo nèg nan Leta* tankou nan *Sektè prive* a kòm kwa ki ta ba li zam ak magogo lajan pou'l te kraze brize anba grenn je lapolis pandan yo t'ap chèche'l. Pou fè nou dodola, y'ap vini ak tout koze;

2- Ta sanble non onorab *Grasya Dèlva* ta site nan zafè *kidnapig*, pou yo pase dosye sa anba pye, yo ka vini ak tout blag;

3 - Koze mete prezidan an nan akizasyon kòm kwa li ta enplike nan zak malonèt kont peyi a, kidonk, palmantè woule'm debò ap fè lajan ni pou ni kont, ka mete mi nan jwèt la pou fè'n bliye koze sa;

4- Anpil *gwo chabwak* ta sanble gen entèdiksyon pou yo kite peyi a, ka bay kòb anba pou twouble lòlòy nou;

5 - Lekòl pra'l ouvri, pa gen *bidjè*, *palmantè* dwe ale, *dola* ameriken wo bibit sou *goud*, tout bagay monte *tèt nèg*, *ensekirite* ap vale tèren, *2 premye minis* pou yon sèl egzekitif k'ap kontinye mache fè *pwomès*, elatriye. Tout ka fè youn ou lòt k'ap touche gwo magogo lajan nan Leta a di vye koze pou'n bliye *lesansyèl*.

Mwen p'ap bliye di nou, visibman ak teknikman, menm si gen gwo deblozay sosyopolitik nan peyi a, Okap toujou pa twò touche. Nèg yo ka itilize tout mannèv pou fè moun Okap leve kanpe pou yo bay yon repons parèy ki pap pote gouvènman ki an plas lan byen. Se vwe, Okap la jodya *sal kon peny tidan*, sitwayen yo pa vle enplike yo nan lavi sivil ak politik vil la, se *tibanben* k'ap taye banda, se yo k'ap fè ak defè nan vil la. Sa kòz, nenpòt nèg pòch lajan ka di sa yo vle sou vil lan. Mete ak *otorite san koutcha* ki nan vil la ak depatman an, melanje ak sitwayen pasif yo, ka pèmèt nenpòt nèg ak fanm pwononse yo sou sò vil la.

Se vre sa fè plim sou do'n kanpe, se vre nou enève, men tou, gen yon bagay pou'n fè; se pran konsyans nan pa chwazi nenpòt moun pou reprezante nou nan politik lè gen eleksyon, ni pa vote pou tikòb, ni tou pa bay depatman an do lè'l bezwen nou. *Travay pou li kenbe diyite'l tankou jan sa te ye lontan. Fò'l pi solid jounen jodya.*

Aprè sa, tout nèg ak fanm ki touche pou anmède vil la, ale yo laba.

 *Delcarme BOLIVARD*

 *19/08/2019*
Compteur Global

Culture