vendredi 30 avril 2021

Lèt tou louvri pou msye Jonvèl Moyiz

*Kap Ayisyen, jou ki 30 avril 2021 an*


Soti nan : Dèlkam Boliva 

Pou : Msye Jovnèl Moyiz


Lèt tou louvri,


Msye Jovnèl,


Mwen pa vle ni ou, ni fanatik ou yo trouve m derespektan si mwen pa mete tit prezidan douvan non w. Mwen fè sa pou yon banm rezon :


1- Konstitisyon an klè sou koze mada w la li di ki bout depi 7 fevriye 2021 an (atik 134-1),

2- Konsèy ki sou tèt pouvwa k ap jije moun yo di manda w fini;

2- Federasyon tout avoka nan peyi a di w manda w fini ak prèv nan men;

3- Gwoup moun k ap doufann dwa moun yo nan peyi a tankou lòt bò dlo di menm koze a;

4- Konsèy moun legliz Bondye yo di ou pa prezidan ankò paske manda ou fini;

5- Anpil moun pran la ri, tout plim tout plimay mouri lajounen tankou lannwit pou di w remèt palè a paske manda w bout. Gwoup moun sa yo pi plis pase tikantite si la yo kite vote w san konprann pouki; di w manda w fini;

6- 3 gwo bout tonton inivèsite : "Harvard", "Yele" ak "New York", kote moun ap panse nan peyi Etazini di, apati gwo rechèch yo ak konstitisyon peyi a nan men, manda w fini depi 7 fevriye 202.

Alawonnbadè, anpil moun leve vwa yo pou di yon sèl pawòl, manda w fini depi 7 fevriye 2021 an daprè lwa manman peyi a nan atik 134-1 an.


Mesye Jovnèl,

Bon, kite kantik pran pawòl. Se pa ou menm ki te di ak bouch ou nan kanpay w ap mete dlo yo, tè yo, solèy la ak moun yo ansanm pou w te ka mete lajan nan pòch nou ak manje nan asyèt nou? Se pa ou menm ki te di w ap bay kouran 24 sou 24 la nan tout peyi a? Se pa ak bouch ou menm ou te di w ap devlope peyi a, wete bandi ladanl, plante pou nou vann ak manje ladanl chak jou ki jou? Se pa ou menm kite fè yon pakèt pwomès jan w te jwenn sou mete peyi a nan lapè, bay levasyon ak yon bann lòt sèvis sosyal yo? Di m si se pa t sa yo ak yon bann lòt ankò ou te di. Gen lè w bliye ? Osinon ou te fè yon ti pase wè dèfen prezidan Preval lè w t ap di pawòl sa yo?

Ki koze sa, msye Jovnèl! Yo kidnape venerab, touye onorab, ou pa di yon myoud. Yo kidnape nan legliz pastè, frè, sè pè tout pè, mare kon krab anba men bandi k ap taye banda nan peyi a, anba je w la ou pa di ak fè yon myoud. Yo sazinen etidyan, pote ale ti machann, jete nan fatra jenn fann ki fin sakaje anba men bandi ki pa rèspekte ni pè ni pap, mwen pata di se lapolis, ou pa janm di yon fouk.

Polisye tonbe anba bal sazinè, pèp nan labou trennen tankou ti chen anba 2 grenn je w la, ou fè tankou w pa konpran, tankouw pa wè. Sèl sa w wè ak konprann se sa k ap fè w plezi. Kidonk, chanje konstitisyon peyi a jan w vle, mande pèp la pou yo al vote konstitisyon w lan nan do lalwa, monte Konsèy Elektoral pwovizwa jan w vle, revoke ranplase menm moman an, kraze tout enstitisyon yo nan konplisite yon bann fanm ak gason san nanm ak kolòn vètebral. Nan chita fè tèt ou plezi ak mouche blan je vèt k ap jere w nan ilegalite w ak ilejitimite w sou pisans kowe gwoup dechèpiyè, ou fin panse ou se yon towo.

Msye Jovenèl,

Sou manda w la, ou pase premye minis tankou chimiy (chemiz). Ou plis renmen aji nan do lalwa olye w rèspèkte l.Tout moun ki bò kote w, tout sa w fè ilegal. Tout minis ou yo ilegal. Tout direktè, sekretè, konsiltan k ap pèdi tan, tout majistra madigra mal maske, delege visye elatriye, ilegal. Yon sèl koze ki enterese w, bay tèt ou plezi nan pale eleksyon grenn soulye, nan kite bandi ap taye banda nan tout peyi a pou kontinye ba w sekirite pandan pèp la ak tout sektè nan lavi nasyonal la ap kidnape chak jou ki jou anba fòs lòd yo ke w itilize kòm maryonèt ak bwa politik ou.

Pou m bout, msye Jovnèl, se si w vle li lèt sa. Se siw vle sonje tout sa w fè ki mennen peyi a nan eta sa li ye a. Se bon. Pèp pa gen lalwa bouch li, opozisyon nan divisyon pou PHTK, se wete pye w, banm mete pye m. Zanmi w Mateli t ap pale koze bandi legal, ou menm ou pa fouti mete yo deyò paske yo se yo, yo se ekip ou.

Delkam Boliva

Compteur Global

Culture