samedi 23 décembre 2017

Nwèl pa tonton’m


encrejournal
Depi’m piti, mwen tande tonton nwèl,
Mwen pèdi tan chèche’l, mwen pa janm wèl.
Yo di’m li lòt bò dlo ap bay kado,
Pote lajwa, kè kontan gwo sak sou do.
Yo di’m li pa sanble’m, li pa konnen’m,
Li p’ap vini bò isit, li pa renmen’m.

Dlo nan je fanmi isit, mak nan kou,
Anba kout fwèt lanmizè tonbe sou kou.
Tonton ou mouche nwèl pa konn doulè
Nèg ak fanm nan peyi isit ki fin pèdi koulè,
Kouche atè, trennen kou chen san mèt.
Yo p’ap fete, richès ba yo plis ke san mèt.

Kote se vwe, tonton nwèl ap vin isit!
Nan labou, fatra, dlo sal isit !
Kote se vwe, tonton nwèl konn malere!
San travay, sekirite,  n’ap toujou malere.
Se mannyè pou’n di byen fò
Fèt nwèl pa pou nou, men’m si’n fè jefò.

Adye ! kouri lago pasi pala,
Men ton nwèl isit, men li la.
Yo di’m li blan, li gen anpil bab,
Zye’l tout koulè, men longè rad.
Tout se koze kredi, se filalang
Nou ak tonton nwèl pa konprann menm lang.

Pou jan nou ye la, anba lanmizè nou foubi,
Li pa fasil pou’n wè nwèl, nou plis wè zonbi.
Zonbi pa nan limyè ni manje sèl.
Nwèl pa tonton’m li te manje sè’l.
Yon jou n’ap fete lanmou, lamitye ak rekonsilyasyon
Lè nou tout va kwè ke fèt nwèl pa yon solisyon.



Delcarme BOLIVARD

23/23/17
Compteur Global

Culture